Verite a ap jwenn chemen li nan kote yo pa t atann.

George k ap li la Bib pou timoun piti

Avèk plis pase 700,000 moun, Kibera nan peyi Kenya se youn nan pi gwo bidonvil nan mond lan.

Lavi isit la ka santi li enposib. Chak jou pote defi pa l—jwenn dekwa pou viv, pran swen fanmi an, epi tou senpleman avanse. Anpil moun pa wè yon chemen pou soti.

Verite a ap jwenn chemen li nan kote yo pa t atann.

“Moun yo swaf espwa. Yo bezwen Pawòl Bondye a, men yo pa gen pèsonn ki ka di yo li. Se poutèt sa mwen chwazi pou m isit la.”

George, Kenya

George louvri yon lekòl nan Kibera pou ede timoun yo jwenn yon edikasyon. Epitou, li jwenn yon fason pou ba yo yon lòt bagay—aksè a Pawòl Bondye a atravè Bible App Lite.

Aplikasyon sa a ki fonksyone san entènèt te fèt pou kote tankou Kibera, konsa moun ka jwenn Bib la epi angaje avè l nenpòt kote, nenpòt lè.

Verite a ap jwenn chemen li nan kote yo pa t atann.

Kounye a, George ap pataje Bible App Lite ak tout moun bò kote l, epi l ap chanje tout kominote li a!

“Mwen pataje Bib la ak tout moun mwen konnen. Kounye a l ap gaye toupatou. Kominote a ap chanje gras ak Pawòl Bondye a.”

Pawòl Bondye a ap rive nan chak nasyon, chak tribi, ak chak moun. Pandan w ap selebre sa Bondye ap fè toupatou sou latè, reflechi sou Revelasyon 7.

Li Revelasyon 7

Share this post:

Pawòl Bondye ka chanje kominote w la.

George k ap li la Bib pou timoun piti

Kibera, nan peyi Kenya, se youn nan pi gwo bidonvil nan mond lan. Lavi a ka sanble enposib. Chak jou se yon defi, e anpil moun pa wè yon fason pou soti.

Pawòl Bondye ka chanje kominote w la.

“Moun yo swaf espwa. Yo bezwen Pawòl Bondye a, men yo pa gen pèsonn ki ka di yo li. Se poutèt sa mwen chwazi pou m isit la.”

George, Kenya

George louvri yon lekòl nan Kibera pou ede timoun yo jwenn yon edikasyon. Epitou, li jwenn yon fason pou ba yo yon lòt bagay—aksè a Pawòl Bondye a atravè Bible App Lite.

Aplikasyon sa a te fèt pou kote tankou Kibera, pou moun ka jwenn aksè epi angaje a Bib la san koneksyon entènèt.

Pawòl Bondye ka chanje kominote w la.

Kounye a, George ap pataje Bible App Lite ak tout moun bò kote l, epi l ap chanje tout kominote li a!

“Mwen pataje Bib la ak tout moun mwen konnen. Kounye a l ap gaye toupatou. Kominote a ap chanje gras ak Pawòl Bondye a.”

Angaje w ak Pawòl Bondye a san entènèt, nenpòt kote, nenpòt ki lè avèk Bible App Lite.

Eseye Bible App Lite

Share this post:

Bib la Toupatou

Bib la Toupatou

Times Square. Piccadilly Circus. Osaka.

Mwa sa a, n ap selebre Pawòl Bondye a yon fason ki eksitan! Men kèk kote y ap selebre Bib la jodi a…

Bib la Toupatou
Bib la Toupatou
Bib la Toupatou

Lè nou mete Bib la an valè nan kote sa yo ki tèlman popilè, sa bay yon gwo opòtinite pou ankouraje moun retounen nan Pawòl Bondye a oswa dekouvri l pou premye fwa.

Selebrasyon sa a ap fèt toupatou nan mond lan, epi ou ka fè pati l.

Chak fwa ou louvri Bib la, w ap envite verite Pawòl Bondye a pou l chanje ou.

Louvri Aplikasyon an

Share this post:

Dekouvri aplikasyon Bib sa yo pandan Mwa Mondyal Bib la…

Selebre Mwa Mondyal Bib la

Èske w te konnen YouVersion gen yon Fanmi Aplikasyon Bib? Soti nan timoun, pase nan adolesan, pou rive nan granmoun—chak moun angaje yo ak Pawòl Bondye a yon fason diferan. Se poutèt sa nou kreye aplikasyon ki vize moun nan diferan gwoup laj ak rejyon.

Dekouvri ki aplikasyon Bib ki pi bon pou ou!

Men: Bible Loop

Bible Loop se dènye manm ki antre nan Fanmi Aplikasyon nou yo! Kreye pou adolesan, Bible Loop ofri aktivite kaptivan, karakteristik entèraktif, ak jwèt pou memorize epi kenbe Ekriti yo. Si ou se yon adolesan, oswa ou gen youn nan lavi w, ou p ap anvi rate sa a.

App Store | Google Play

Ap Bib pou timoun yo

Aplikasyon sa a se pou jèn timoun piti ki nan lavi w yo. Nan Bible App for Kids, w ap dekouvri istwa biblik kaptivan ak jwèt entèraktif ki fèt pou ede timoun tonbe damou pou Bondye ak Pawòl li.

App Store | Google Play

Aplikasyon Bib

Men aplikasyon Bib #1 ki pi telechaje nan mond lan! Ak aksè a plis pase 3,500 tradiksyon, 2,300 lang, ak dè milye Plan Bib, li pa janm te pi fasil pou pase tan nan Pawòl Bondye a yon fason ki mache pou ou.

App Store | Google Play

Aplikasyon Bib lejè

Bible App Lite pèmèt ou fè eksperyans Pawòl Bondye a san entènèt, nenpòt kote, nenpòt lè. Aplikasyon sa a disponib nan kèk rejyon byen espesifik.

Google Play

Patisipe nan Defi 30 Jou a lè w telechaje youn nan aplikasyon sa yo! Epi, kòmanse 1e novanm, angaje w ak Bible App pandan 30 jou youn dèyè lòt, epi w ap jwenn Badj eksklizif Mwa Mondyal Bib la.

Antre Kounye a

Share this post:

Èskew pare pou Mwa Mondyal Bib la?

Email-Header-starts-tomorrow

Selebre Mwa Mondyal Bib la

Demen, moun toupatou nan mond lan ap kòmanse ansanm avèk ou pandan wap fè Defi Biblik 30 Jou a!

Pawòl Bondye gen pouvwa pou chanje lavi moun. Mwa sa a, kijan lap gen enpak sou lavi ou? Ann prezante tèt nou avèk antouzyasm ak espwa pou sa Bondye pral fè mwa sa a.

Preparew pou Mwa Mondyal Bib la lèw anrejistre yon Plan 30 Jou.

Anrejistre yon Plan

Share this post: