Mèsi paske ou te patisipe nan Mwa Mondyal Bib la!

Mèsi paske ou te patisipe nan Mwa Mondyal Bib la!

Ou te angaje pouw li Pawòl Bondye a pandan 30 jou … epi ou pat fè sa pou kont ou.

Ou te metew ansanm ak plis pase 3,000,000 moun ki tap angaje yo nan Bib la pou mwa novanm sa a.

Youn nan moun sa yo ou te mete ansanm avèk yo a se te Pamela.

Pandan Pamela tap grandi, li te gen anpil doulè, blesi, ak kesyon sou kiyès li te ye. Se lè sa a li te mete espwa li nan Bib la epi li te jwenn yon Plan sou idantite.

“Pawòl Bondye a te montre mwen Jezi te gentan banm idantite pam. Se jis mwen patko dekouvri idantite sa. Verite sa te chanje tout bagay.”

Pamela, MEKSIK

Mwa Mondyal Bib la kapab pral fini, men Pawòl Bondye a se pa jis pou yon sèl grenn sezon. Pawòl la fèt pou li fè pati lavi ou chak jou pandan wap kite Verite a transfòme ou, menm jan li te chanje lavi Pamela.

Alòs kontinye! Kontinye konekte avèk Bondye atravè Pawòl Li, epi gade sa kisa Lap fè apre sa…

Louvri Aplikasyon Bib la

Share this post:

Lè espwa te sanble enposib, Bondye te rankontre Alice.

Alice-Story-Header-2026-11

Avètisman sou kontni: istwa ki vin apre a gen tèm sou otomitilasyon ak depresyon ki ka deranje kèk lektè.

Lè espwa te sanble enposib, Bondye te rankontre Alice.

Lè Alice te gen sèzan, li te santi l pyeje anba doulè ak pèt, akable anba depresyon ak izolman.

Avèk yon santiman dezespwa k ap monte, yon swa li te deside pran pwòp lavi l. Se lè sa a sa k inesplikab la te rive.

Sou rebò apatman wo l la, yon van sibit te fè l tonbe annaryè nan chanm li olye pou l te tonbe annavan.

Pandan li t alonje atè a, etone epi ap kriye, Alice te resevwa yon mesaj nan men vwazin li ki t ap envite l nan legliz li. Li te dakò pou l ale, epi se la li te dekouvri Aplikasyon Bib la pou premye fwa.

Lè espwa te sanble enposib, Bondye te rankontre Alice.

Li te kòmanse yon Plan Bib epi atravè li, li te eksperimante espwa epi li te bay Jezi lavi l.

Jodi a, Alice kreye epi pibliye Plan Labib antan ke yon Patnè YouVersion atravè menm aplikasyon ki te prezante l Jezi a. Li pa sèlman ranpli ak espwa — l ap simen l.

Èske w konnen yon moun nan lavi w ki bezwen Bondye anpil? Prezante yo Aplikasyon Bib la, epi mande L pou L ranpli yo ak espwa.

Share this post:

Timoun yo ap tonbe damou pou Pawòl Bondye a…

Timoun yo ap tonbe damou pou Pawòl Bondye a…

Lè Jozye te ale nan yon pwogram Labib pou timoun, li te dekouvri aplikasyon Bib pou timoun yo. Se lè sa a tout bagay te chanje.

Li te fèt avèg, epi li te aprann ke li te kapab senpleman koute Pawòl Bondye a, epi byen vit li te tonbe damou pou Bib la.

Lè papa li te wè jwa kite transfòme pitit gason li an, li te ale nan legliz la epi li te bay Kris lavi li jou sa menm. Yon ti tan apre, tout fanmi an te aksepte Jezi.

Kounye a, Jozye ak paran li yo ap sèvi nan legliz lokal yo a, yo li Bib la ansanm chak jou, epi yo renmen pataje aplikasyon Bib pou timoun yo ak lòt moun.

Èske ou vle timoun ki nan laviw yo tonbe damou pou Pawòl Bondye a? Pou Mwa Mondyal Bib la, gade Aplikasyon Bib pou timoun yo epi prezante Vèsè yo bay timoun yo atravè istwa biblik ki pratik. ⬇️

Louvri Aplikasyon Bib pou Timoun yo

Share this post:

Verite a ap jwenn chemen li nan kote yo pa t atann.

George k ap li la Bib pou timoun piti

Avèk plis pase 700,000 moun, Kibera nan peyi Kenya se youn nan pi gwo bidonvil nan mond lan.

Lavi isit la ka santi li enposib. Chak jou pote defi pa l—jwenn dekwa pou viv, pran swen fanmi an, epi tou senpleman avanse. Anpil moun pa wè yon chemen pou soti.

Verite a ap jwenn chemen li nan kote yo pa t atann.

“Moun yo swaf espwa. Yo bezwen Pawòl Bondye a, men yo pa gen pèsonn ki ka di yo li. Se poutèt sa mwen chwazi pou m isit la.”

George, Kenya

George louvri yon lekòl nan Kibera pou ede timoun yo jwenn yon edikasyon. Epitou, li jwenn yon fason pou ba yo yon lòt bagay—aksè a Pawòl Bondye a atravè Bible App Lite.

Aplikasyon sa a ki fonksyone san entènèt te fèt pou kote tankou Kibera, konsa moun ka jwenn Bib la epi angaje avè l nenpòt kote, nenpòt lè.

Verite a ap jwenn chemen li nan kote yo pa t atann.

Kounye a, George ap pataje Bible App Lite ak tout moun bò kote l, epi l ap chanje tout kominote li a!

“Mwen pataje Bib la ak tout moun mwen konnen. Kounye a l ap gaye toupatou. Kominote a ap chanje gras ak Pawòl Bondye a.”

Pawòl Bondye a ap rive nan chak nasyon, chak tribi, ak chak moun. Pandan w ap selebre sa Bondye ap fè toupatou sou latè, reflechi sou Revelasyon 7.

Li Revelasyon 7

Share this post:

Pawòl Bondye ka chanje kominote w la.

George k ap li la Bib pou timoun piti

Kibera, nan peyi Kenya, se youn nan pi gwo bidonvil nan mond lan. Lavi a ka sanble enposib. Chak jou se yon defi, e anpil moun pa wè yon fason pou soti.

Pawòl Bondye ka chanje kominote w la.

“Moun yo swaf espwa. Yo bezwen Pawòl Bondye a, men yo pa gen pèsonn ki ka di yo li. Se poutèt sa mwen chwazi pou m isit la.”

George, Kenya

George louvri yon lekòl nan Kibera pou ede timoun yo jwenn yon edikasyon. Epitou, li jwenn yon fason pou ba yo yon lòt bagay—aksè a Pawòl Bondye a atravè Bible App Lite.

Aplikasyon sa a te fèt pou kote tankou Kibera, pou moun ka jwenn aksè epi angaje a Bib la san koneksyon entènèt.

Pawòl Bondye ka chanje kominote w la.

Kounye a, George ap pataje Bible App Lite ak tout moun bò kote l, epi l ap chanje tout kominote li a!

“Mwen pataje Bib la ak tout moun mwen konnen. Kounye a l ap gaye toupatou. Kominote a ap chanje gras ak Pawòl Bondye a.”

Angaje w ak Pawòl Bondye a san entènèt, nenpòt kote, nenpòt ki lè avèk Bible App Lite.

Eseye Bible App Lite

Share this post: