Lè Jozye te ale nan yon pwogram Labib pou timoun, li te dekouvri aplikasyon Bib pou timoun yo. Se lè sa a tout bagay te chanje.
Li te fèt avèg, epi li te aprann ke li te kapab senpleman koute Pawòl Bondye a, epi byen vit li te tonbe damou pou Bib la.
Lè papa li te wè jwa kite transfòme pitit gason li an, li te ale nan legliz la epi li te bay Kris lavi li jou sa menm. Yon ti tan apre, tout fanmi an te aksepte Jezi.
Kounye a, Jozye ak paran li yo ap sèvi nan legliz lokal yo a, yo li Bib la ansanm chak jou, epi yo renmen pataje aplikasyon Bib pou timoun yo ak lòt moun.
Èske ou vle timoun ki nan laviw yo tonbe damou pou Pawòl Bondye a? Pou Mwa Mondyal Bib la, gade Aplikasyon Bib pou timoun yo epi prezante Vèsè yo bay timoun yo atravè istwa biblik ki pratik. ⬇️
Louvri Aplikasyon Bib pou Timoun yo
Piblikasyon sa disponib tou sou:

