Lè espwa te sanble enposib, Bondye te rankontre Alice.

Avètisman sou kontni: istwa ki vin apre a gen tèm sou otomitilasyon ak depresyon ki ka deranje kèk lektè.

Lè espwa te sanble enposib, Bondye te rankontre Alice.

Lè Alice te gen sèzan, li te santi l pyeje anba doulè ak pèt, akable anba depresyon ak izolman.

Avèk yon santiman dezespwa k ap monte, yon swa li te deside pran pwòp lavi l. Se lè sa a sa k inesplikab la te rive.

Sou rebò apatman wo l la, yon van sibit te fè l tonbe annaryè nan chanm li olye pou l te tonbe annavan.

Pandan li t alonje atè a, etone epi ap kriye, Alice te resevwa yon mesaj nan men vwazin li ki t ap envite l nan legliz li. Li te dakò pou l ale, epi se la li te dekouvri Aplikasyon Bib la pou premye fwa.

Lè espwa te sanble enposib, Bondye te rankontre Alice.

Li te kòmanse yon Plan Bib epi atravè li, li te eksperimante espwa epi li te bay Jezi lavi l.

Jodi a, Alice kreye epi pibliye Plan Labib antan ke yon Patnè YouVersion atravè menm aplikasyon ki te prezante l Jezi a. Li pa sèlman ranpli ak espwa — l ap simen l.

Èske w konnen yon moun nan lavi w ki bezwen Bondye anpil? Prezante yo Aplikasyon Bib la, epi mande L pou L ranpli yo ak espwa.

Share this post:

Piblikasyon sa disponib tou sou: Anglè Afrikaans Endonezyen Alman Panyòl Filipino (Tagalog) Fransè Italyen Olandè Pòtigè Woumen Russian Japanese Chinwa (Senp) Chinwa (Tradisyonèl) Korean Arabic Belarisyen Bengali Bulgarian Danwa Finnish Greek Ebre Hindi Ongwa Malay Mongolian Nepali Nòvejyen Persian Polonè Pòtigè (Pòtigal) Slovak Swahili Swedish Tamil Telugu Thai Tik Ukrainian Oudou Vyetnamyen Zoulou Czech Khmer Malayalam Burmese Lityanyen Macedonian Burmese (Zawgyi) Serbian Armenian Icelandic Kwoasyen Albanè Welsh Catalan Latvian Chona Sorani Kid Kosa Yoruba Igbo Serbian (Latin) Slovenian