Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè

Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p’ap janm mache nan fènwa.

Jan 8:12

Pèp ki t’ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!

Ezayi 9:2

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

Sòm 27:1

Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.

2 Korent 4:6

Se vre, akoz peche, eta kò a se lanmò, men si Kris ap viv nan ou, Lespri Bondye ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.

Women 8:10-11

Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n’ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.

Efezyen 5:8

Men, si n’ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n’ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n’ap twonpe. Verite a pa nan nou. Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L’ap fè sa ki dwe fèt la: l’a padonnen tout peche nou, l’a netwaye nou anba sa ki mal.

1 Jan 1:7-9

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Matye 5:14-16

Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li.

Jan 1:5

Share this post:

Moun ki gen lamou, li gen pasyans

Moun ki gen lamou, li gen pasyans

4  
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

5  
Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

6  
Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.

7  
Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l’ap toujou moutre pasyans li.

8  
Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini.

9  
Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li.

10  
Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt.

11  
Se tankou lè m’te timoun piti. M’te pale, m’te panse, m’te reflechi tankou timoun piti. Men lè m’vin gran, m’kite lespri timoun nan.

12  
Epi, pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n’ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m’ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an.

13  
Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Koute 1 Korent 13

1 Corinthians 13 in Haitian

1 Corinthians 13 in English

Share this post:

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la

1  
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a

2  
yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

3  
Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

4  
L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

5  
Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.

6  
Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye mou gwo midi.

7  
Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou.

8  
W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.

9  
Paske ou pran Senyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou

10  
okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kote kay ou.

11  
Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

12  
Y’ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

13  
W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

14  
Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.

15  
Lè l rele m, m’ap reponn li. Lè l nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre l, m’ap fè yo respekte l.

16  
M’ap fè l viv lontan, m’a fè l wè jan m’ap delivre l.


Koute Sòm 91

Psalm 91 in Haitian

Psalm 91 in English

Share this post:

Papa nou ki nan syèl la

Papa nou ki nan syèl la

9  
Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

10  
Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la.

11  
Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a.

12  
Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

13  
Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.]


Koute Matye 6

Matthew 6 in Haitian

Matthew 6 in English

Share this post: