Jodya se kòmansman Mwa Mondyal Bib la! Pandan 30 jou kap vini yo, moun toupatou nan mond lan pral reyini ansanm pou yo pase tan nan Pawòl Bondye a.
Ou vle konnen ki kote pouw kòmanse? Gade Plan sa yo pouw kòmanse pwogrè Mwa Mondyal Bib ou a!
Jodya se kòmansman Mwa Mondyal Bib la! Pandan 30 jou kap vini yo, moun toupatou nan mond lan pral reyini ansanm pou yo pase tan nan Pawòl Bondye a.
Ou vle konnen ki kote pouw kòmanse? Gade Plan sa yo pouw kòmanse pwogrè Mwa Mondyal Bib ou a!
Nan mwa novanm sa a, moun toupatou sou latè ap reyini ansanm pou selebre Pawòl Bondye a pandan Mwa Mondyal Bib la.
Antre nan mouvman mondyal Bib la ak Defi Bib 30 Jou a.
Kit se bezwen pou santiw mwens enkyè, mwens sèl, oswa gen plis konfyans pou pataje lafwa ou, etid yo montre ke konstans nan Pawòl Bondye a chanje tout bagay.
Kijan Pawòl Bondye a ap chanje ou?
Kòmanse nan mwa novanm, angajew ak Aplikasyon Bib la pandan 30 jou youn dèyè lòt, epi wap resevwa Badj espesyal Mwa Mondyal Bib la.
Pran Pawòl Bondye a avèk ou kèlkeswa kote w ale lè w telechaje Aplikasyon Bib la gratis. Koute Bib odyo, kreye Lapriyè, etidye ak Zanmi, ak plis ankò—tout pou gratis.
1998 Haïtienne – Kreyòl Ayisyen
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Parole de Vie 2017
La Bible du Semeur 2015
New International Version
King James Version
Odyo: 1998 Haïtienne – Kreyòl Ayisyen
Odyo: Parole de Vie 2017
Odyo: La Bible du Semeur 2015
Odyo: New International Version
Odyo: King James Version
Helpful links:
Li Bib la sou Entènèt – Kreyòl Ayisyen

1
Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen.
2
Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.
3
Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
4
Menm lè m’ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p’ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m’ pa kase.
5
Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m yo. Ou resevwa m, ou fè kè m kontan ou ban m tou sa m bezwen.
6
Wi, mwen konnen w’ap toujou renmen m, w’ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m. Se lakay ou m’ap rete tout tan tout tan.

28
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
29
Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.
30
Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou.
31
Kisa n’a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?
32
Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?
33
Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pèsonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!
34
Ki moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l’ap plede pou nou.
35
Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò?
36
Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y’ap mennen labatwa.
37
Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.
38
Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k’ap vini yo
39
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.