Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè

Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p’ap janm mache nan fènwa.

Jan 8:12

Pèp ki t’ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!

Ezayi 9:2

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

Sòm 27:1

Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.

2 Korent 4:6

Se vre, akoz peche, eta kò a se lanmò, men si Kris ap viv nan ou, Lespri Bondye ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.

Women 8:10-11

Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n’ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.

Efezyen 5:8

Men, si n’ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n’ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n’ap twonpe. Verite a pa nan nou. Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L’ap fè sa ki dwe fèt la: l’a padonnen tout peche nou, l’a netwaye nou anba sa ki mal.

1 Jan 1:7-9

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Matye 5:14-16

Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li.

Jan 1:5

CategoriesUncategorized