Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la

1  
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a

2  
yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

3  
Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

4  
L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

5  
Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.

6  
Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye mou gwo midi.

7  
Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou.

8  
W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.

9  
Paske ou pran Senyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou

10  
okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kote kay ou.

11  
Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

12  
Y’ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

13  
W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

14  
Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.

15  
Lè l rele m, m’ap reponn li. Lè l nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre l, m’ap fè yo respekte l.

16  
M’ap fè l viv lontan, m’a fè l wè jan m’ap delivre l.

Psalm 91 in Haitian

Psalm 91 in English

Papa nou ki nan syèl la

Papa nou ki nan syèl la

9  
Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

10  
Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la.

11  
Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a.

12  
Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

13  
Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.]

Matthew 6 in Haitian

Matthew 6 in English